Certil Remy chanje naratif la
- Le Plumologue

- 19 mars
- 1 min de lecture

Certil Remy se yon enfòmatisyen-pwogramè-devlopè, li se yon antreprenè tou. Li marye e li gen 2 pitit. Sou paj Facebook Certil, n ap remake ke li toujou di ke li lakay li e l ap pran swen timoun yo. Oswa li pral mennen yo lekòl. E li toujou fè konprann ke se madanm li ki mete lajan nan pòch li. Certil Remy se yon ÒMOFWAYE.
Nan sosyete nou an, anpil moun toujou kwè ke se gason ki dwe travay epi pote lajan lakay, pandan se fanm ki responsab kay ak timoun. Men, Certil kraze prejije sa yo. Li montre ke yon gason ka pran wòl sa san li pa pèdi diyite ni valè li. Olye li santi l diminye, li fyè dèske li se poto mitan lakay li, li pran swen pitit li ak fwaye li ak tout lanmou.
Se yon rapèl ke wòl gason ak fanm pa fiks, e chak fanmi ka bati dinamik ki mache pou yo. Sa ki pi enpòtan se respè, kolaborasyon ak lanmou. Certil Remy pa jis yon Òmofwaye, li se yon gason ki bay yon lòt vizyon sou sa sa vle di sipòte fanmi li.



Commentaires