top of page
SGN_09_04_2023_1693849599575.png
Akèy
Blog
images.jfif
Boutik
kontak

Kominike ak patnè nou

  • Photo du rédacteur: Le Plumologue
    Le Plumologue
  • 6 avr.
  • 1 min de lecture


Anpil fwa, nou pè pale ak patnè nou de sa nou renmen ak sa nou pa renmen, oubyen menm de dezi nou. Men, nou pa rann kont ke silans sa a ka touye pasyon an tou. Lè ou kenbe sa ki nan tèt ou, lè ou pa di sa ki fè ou santi w byen oswa sa ki deranje w, ou ap kite yon distans grandi san ou pa remake li.


Gen moun ki panse si yo pale, yo ka blese patnè yo, oswa yo ka parèt kòm moun ki mande twòp, oswa yo ka parèt vye moun nan je patnè yo. Men verite a, se lè ou pa pale bagay yo vin pi konplike. Fristrasyon ak dout ap monte an silans, epi piti piti, koneksyon an ap febli.


Pale pa vle di kritike. Pale se pataje, se ouvri pòt pou plis konpreyansyon, plis konfyans, plis entimite. Lè 2 moun rive pale san pè, yo vin pi pwòch, yo aprann youn sou lòt, epi yo bati yon relasyon ki pi solid. Se pa tout konvèsasyon ki fasil, men yo nesesè. Paske nan yon relasyon, sa ou pa di ka gen plis pwa pase sa ou di deja. Se desizyon yo k'ap toujou mennen chwa yo.




Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
bottom of page