Nivo pèfòmans entim ou
- Le Plumologue

- 6 avr.
- 2 min de lecture
Dernière mise à jour : 22 avr.

Anpil moun ap viv vi seksyèl yo san yo pa janm poze tèt yo yon kesyon enpòtan sa sou nivo pèfòmans entim yo vrèman genyen. Gen gason ak fanm ki panse yo bon paske patnè yo pa janm plenyen, tandiske gen lòt ki toujou ap doute de tèt yo san okenn rezon klè. Nan anpil relasyon, kessyon pèfòmans lan vin tounen yon sijè moun evite pale sou li, men tou li rete yon eleman ki gen gwo enpòtans nan kalite plezi yon koup ap viv.
Yon lòt reyalite se ke anpil moun pa gen anpil baz pou konpare. Lè yon moun pat gen anpil patnè nan vi li, li difisil pou li konnen si sa li ap viv la se yon eksperyans nòmal oswa si gen lòt nivo plezi ki posib. Sa fè anpil moun swa twò konfyan nan kapasite yo, swa yo santi yo pa ase bon, pandan verite a ka yon lòt kote.
Men pèfòmans entim pa limite sèlman ak kessyon andirans oswa teknik. Li gen anpil rapò ak kapasite pou konprann kò patnè ou, pou remake reyaksyon li, resepekte ritm li epi kreye yon espas kote plezi ka devlope natirèlman. Yon bon pèfòmè entim se pa sèlman moun ki konnen mouvman yo, men tou moun ki konnen kijan pou li koute, obsève epi adapte li ak bezwen lòt la.
Finalman, pou plezi seksyèl la rive nan pi bon nivo li, fòk gen efò nan tou de bò yo. Lè 2 patnè angaje yo pou yo konprann youn lòt, pou yo kominike sou sa ki fè yo santi yo byen, eksperyans lan vin pi pwofon, pi ric epi pi satisfezan. Se la pou'n konprann ke pèfòmans entim lan pa sèlman yon kesyon kapasite, men li tounen yon kolaborasyon ant 2 moun ki deside pataje plezi ansanm.


Commentaires