Yon lòt tip eksplorasyon entim
- Le Plumologue

- 6 avr.
- 1 min de lecture

Nan yon epòk kote teknoloji vin melanje ak entimite, sèkskòl parèt kòm yon nouvo fason pou moun eksplore dezi yo san yo pa oblije pataje menm espas fizik. Se pa sèlman yon apèl telefòn, men yon eksperyans kote vwa, imajinasyon ak koneksyon emosyonèl vin jwe yon gwo wòl nan plezi entim yo
Sèkskòl bay patnè yo posiblite pou yo dekouvri youn lòt nan yon lòt nivo. Lè pa gen kontak fizik, sa fòse moun yo devlope kapasite pou kominike, eksprime anvi yo, epi koute bezwen lòt la. Sa ka vin ranfòse konfyans, ouvèti ak konplisite nan relasyon an
Men, tankou tout pratik seksyèl, li mande limit klè ak respè mityèl. Konsantman, diskresyon ak sekirite dwe toujou vini an premye. Paske sa ki fèt nan entimite pa dwe tounen zouti pou blese oswa manipile lòt moun
Sèkskòl se yon rapèl ke seksyalite pa limite ak kò sèlman. Lespri, emosyon ak pawòl kapab kreye yon eksperyans ki pafwa menm pi pwofon. Kesyon an se pa si li bon oswa move, men kijan ou itilize li pou grandi nan relasyon ou ak tèt ou e ak lòt la
#LePlumologue #Relasyon #Kominikasyon #Entimite #LoveCoaching #SanteEntim #SanTabou #CoupleGoals #Refleksyon



Commentaires